Pandan lapolis kenbe silans sou itilizasyon dwòn eksplozif yo, abitan nan Pòtoprens yo gen yon santiman ki melanje ant espwa ak dout fas ak estrateji sa a.
Kapital ayisyèn lan ki ap viktim yon vyolans san rete pandan plizyè lane, ap dekouvri yon nouvo metòd pou konbat gang ok ap simen laterè nan katye li yo : dwòn eksplozif. Menm si Polis Nasyonal d Ayit a (PNH) pa bay okenn deklarasyon sou sa, temwayaj kèk sitwayen ak reyaksyon piblik kèk chèf gang konfime itilizasyon teknoloji sa a nan operasyon ki fèt dènyèman yo. Sepandan, popilasyon an, ki divize opinyon yo ant espwa ak pridans, ap tann rezilta stable anvan li kòmanse selebre yon viktwa.
Depi dwòn eksplozif yo ta antre nan estrateji lapolis, plizyè abitan nan katye Pòtoprens di yo temwen atak ki vize gang yo. Moun ok ap viv toupre zòn gang okipe yo, tankou anba Dèlma, Bèlè ak Vilaj Dedye, fè konnen yo te wè dron ap tonbe sou baz gang yo tankou bonm. Menmsi otorite yo poko konfime sa, temwayaj sa yo pwovoke reyaksyon divès kalite nan mitan popilasyon an.
Gen kèk sitwayen ki pale ak Juno7 ki eksprime sipò yo pou nouvo taktik sa a. Daprè yo, itilizasyon dwòn eksplozif yo se yon gwo avansman nan lit kont gang ok ap kidnape moun, piye epi boule kay depi plizyè lane. « Finalman, nou wè lapolis ap pran mezi sevè », se sa yon abitan Dèlma 32, ki te prefere pa bay non li di nou. « Gang yo pap ka aji ak enpinite ankò. »
Gen lòt moun, sepandan, ki prefere rete pridan. Daprè yo, toutotan gwo chèf gang yo poko elimine, li twò bonè pou di viktwa a deja la. « Dwòn yo ka frape kèk baz, males si chèf tankou Barbecue, Izo oswa Lanmò San Jou toujou ap sikile lib e libè, anyen p ap chanje », se sa yon ansyen rezidan Kafou Fèy fè konnen. Katye sa a ap sibi gwo atak gang dènye jou sa yo.
Sou rezo sosyal yo, gang yo pa pèdi tan pou reponn. Chèf gang tankou Barbecue, Krisla ak Lanmò San Jou kritike itilizasyon dwòn yo, yo di se yon metòd « lach » epi yo menase pou ogmante atak pa yo.
Malgre menas sa yo, kèk obsèvatè remake gang yo sanble ap jwe defansif depi lè dwòn yo parèt la. Gen rezidan nan katye Lali, Kriswa ki di yo remake yon diminisyon nan aktivite gang yo nan lari kote yo kontwole yo, tankou Nazon ak Poupelard. Atak repete yo te konn fè nan zòn sa yo diminye, males sitiyasyon an toujou enstab. « Gang yo pè, sa se klè », daprè yon abitan Kriswa. « Males yo p ap kite teren an san batay. »
Sou rezo sosyal yo, abitan yo pran plezi pataje mesaj ki di gang yo kounye a ap mache ak tèt yo leve anlè, avèk yon eslogan ki tounen popilè : « Males l anlè a l ap vini. Gang yo mache tèt anlè. » Ekspresyon sa a se pou montre jan gang yo pè dwòn lan.
Nan konferans pou laprès ki te fèt yè mèkredi 12 mas 2025, Lionel Lazare, pòtpawòl adjwen PNH la, refize ni konfime ni demanti si lapolis ap itilize dwòn eksplozif. « Lapolis genyen plizyè estrateji pou mennen operasyon li yo », se sèl sa li di, san li pa bay plis detay. Sepandan, li asire ke PNH, anba direksyon Normil Rameau, ap kontinye goumen san pran souf kont gang yo.
Silans sa a bay plas pou anpil espekilasyon ak rimè. Gen sous non ofisyèl ki di 2 dwòn ta frape Gran Ravin yè swa, mèkredi 12 mas la. Zòn sa a anba kontwòl gang depi plizyè lane. Gwo nivo vyolans sa fòse plizyè rezidan kouri kite kay yo, kite dèyè tout sa yo te genyen.
Yon kapital ki toujou sou kontwòl gang yo
Malgre operasyon lapolis yo ak prezans machin blende, plis pase 80 % Pòtoprens toujou anba males gang yo. Yo kontinye kidnape moun, piye ak boule kay, epi mete baraj ilegal sou wout pou pran kòb nan males popilasyon an. Jiskaprezan, otorite yo poko kenbe pwomès yo pou reprann zòn ki okipe yo.
« Nou ap viv ak krentif tout tan », se sa yon manman ki twouve l nan lekòl nasyonal Argentine Bellegarde di. « Gang yo ap fè sa yo vle, nou pa gen okenn kote pou n ale. Dwòn yo ka ede, males se pa ase pou nou soti nan sitiyasyon sa a. »
Pandan dwòn eksplozif yo bay espwa, gen anpil moun ki chwazi tann rezilta reyèl anvan yo mete konfyans yo. « An n tann pou nou wè si estrateji sa a ap bay rezilta konkrèt »,se sa yon abitan Lali deklare. « Pou kounye a, nou ka sèlman espere. »
Nan yon kontèks kote vyolans gang yo pa sanble gen fen, itilizasyon dwòn eksplozif yo ka make yon chanjman nan batay kont krim. Males pou abitan Pòtoprens yo, se lè tout katye ak lari yo libere nèt anba males gang sa yo, yo ap ka di viktwa a reyèlman fèt.
Dekouvri plis:
Males l anlè a l ap vini (drones explosifs) : les habitants de Port-au-Prince oscillent entre espoir et scepticisme