Dèlma 30: gang yo tiye yon jèn gason 22 lane, fanmi an pote kadav la nan bourèt pou ale nan mòg


Dèlma 30 : yon imaj chokan montre yon sitwayen ok ap pote kadav yon jèn gason nan bourèt pou ale nan mòg ak li

Nan lannuit 24 pou louvri madi 25 fevriye 2025 lan, gang kowalisyon Viv Ansanm teworize abitan nan Dèlma 30 yo. Endividi san fwa ni lwa yo boule kay, boule moun epi lakoz anpil fanmi pati kouri kite zòn lan. Imaj chokan, se yon sitwayen ki sou Dèlma a ok ap pouse yon bourèt ki gen yon kadav ki byen anvlope ak yon dra. Daprè sa l di, se kò yon jèn gason 22 lane ki se pitit yon kouzin li gang yo tiye.

Nan ti pale li te kanpe fè pou kèk minit ak kèk jounalis, li pa t vle bay non viktim lan males li fè konnen se gang yo ki tiye l pandan yo te anvayi Dèlma 30.

Yon lòt videyo ok ap sikile sou rezo a montre menm manman jèn gason sa ki enkonsolab pou pitit li ki mouri aprè atak gang yo.

Se plizyè moun ki mouri yè swa pou louvri maten an nan Taba ak Dèlma 30. Gang yo pa sispann detwi tout sa yo jwenn sou pasaj yo. Yon sitiyasyon ki mete anpil laperèz lakay anpil moun ki pa sispann mande bon jan entèvansyon otorite yo pou dechouke gang yo.

Dèlma 30: gang yo tiye yon jèn gason 22 lane, fanmi an pote kadav la nan bourèt pou ale nan mòg

Li tou :

Le groupe EKIP a représenté Haïti avec brio au carnaval de Guyane 2025





Source link

Scroll to Top