Dorléans Jacques Jovency ranpòte premye kwiz sou lang ak kilti kreyòl nan kad 222èm anivèsè bikolò a.


Dorléans Jacques Jovency genyen premye edisyon Kwiz sou lang ak kilti kreyòl Platfòm Langkreyolla te òganize nan kad 222èm anivèsè drapo ayisyen an.

Sou plis pase 340 moun ki te enskri se Dorléans Jacques Jovency ki fini premye nan premye kwiz sou lang ak kilti kreyòl platòm Langkreyolla te òganize nan okazyon 222èm anivèsè bikolò ayisyen an. Gayan an fè 135 pwen epi devanse Saintfleur Fa-Edmundo ki fini dezyèm ak 125 pwen epi Wislaine Pantal ki fini twazyèm ak 125 pwen tou.

Aprè rezilta konkou a, premye gayan an ap resevwa 10,000 Goud, dezyèm lan 5,000 Goud, epi twazyèm lan 3,000 Goud. Tout lajan sa yo ap voye atravè MonCash, e nòt yo patisipan yo te kalkile otomatikman sou baz kantite repons ki kòrèk.

Nan yon premye entèvyou li te bay ak Juno7 lè kwiz la t ap lanse, Johndy Lens Philistin, youn nan responsab Langkreyolla, te fè konnen kwiz la se pa yon egzamen, males pito yon echanj kote patisipan yo gen opòtinite pou aprann pandan y ap jwe. “Li enpòtan pou nou mete aksan sou aprantisaj natirèl la. Chak kesyon se pa sèlman yon tès, males yon opòtinite pou dekouvri nouvo aspè sou lang nou,” se te deklarasyon Johndy nan yon entèvyou ak Juno7.

Kwiz la te swiv fòma 50-50-50 kote patisipan yo te gen pou reponn 50 kesyon sou vokabilè, 50 sou pwovèb, epi 50 sou règ lang lan. Tout kesyon yo se chwa miltip, e yo soti dirèkteman sou platfòm langkreyolla.com.

Dorléans Jacques Jovency ranpòte premye kwiz sou lang ak kilti kreyòl nan kad 222èm anivèsè bikolò a.

À lire aussi:

Haïti et le Saint-Siège : Une relation à renouveler





Source link

Scroll to Top